📍Akayè | Yon Polisyè BOID koz lanmò on jèn gason
Akayè cho kou vè lanp apre yon konfli ki ta enplike kèk ajan BOID ak kèk sivil.
Jodi 15 Jen 2026 la katouch fè mikalaw apre yon nwit mouvmante. Plizyè moun blese kèk kay boule nan zòn nan tou.
Se nan on pwogram ki tap fèt nan Basen Mare, pi ba Semeda tout bagay kòmanse .
Yon polisyè BOID rive nan pwogram nan kote li jwenn menaj li, on fanm, ansanm ak on gason bradsou bradsa. Diskisyon pete polisyè a mande pou mesye a kite espas la. Jenonm nan refize, polisyè BOID la rale zam li tire sou nèg lan, misye blese nan pye.
Se la eskonbrit pete. Plizyè ajan BOID ki te prezan nan aktivite a al dèyè yon blennde yo pran tire sou foul la. Plizyè moun pran bal, pami yo yon timoun .
Plizyè kay boule pandan dezòd la . Dapre temwen ajan BOID yo touye yon sitwayen epi ale ak kò li, sa ki pwovoke anpil kòlè nan mitan popilasyon an. Sitiyasyon sa ta menm lakòz moun Semeda bloke wout la.
Nan moman boulvès lan,TEWORIS VIV ANSANM pwofite avanse soti Bèsi pou rive jis nan zòn Abri Nèg,yon kote yap goumen pou antre kèk jou.
Tout pandan li jou an la, kout bal yo te kontinye nan plizyè pati nan Akayè.
Jiskaprezan, okenn otorite pa bay yon vèsyon ofisyèl sou sa ki pase a,pandan popilasyon an ap tann limyè fèt sou dosye sa.
Foto yo se kay ki tap boule pandan ensidan ak jèn gason BOID tiye epi ale ak kòl la.