Pa kite okenn moun modi ou
lè je ou kale pandan y ap veye
lè 2 popyè w fèmen pou yo vin pote flè nan yon seremoni omaj
ou pa p menm ka wè.
Tout moun ki vle selebre lavi ou
di yo pito yo fè sa pandan w vivan.
@SherlyTanis
Depi jou m fin pran
nan pongongon renmen w
m fin tounen ponya nan men sólda
M tèlman kase fèy
pou sezisman pa fini avè m
ata tèt zòtèy mwen pa vle kite tè
pou al bout jouk nan douvan je w
Se la menm destinasyon m ye.
@SherlyTanis
Chak mak lavi mete sou po w
se pa pou li tanpe w...
Se pito yon lòt etap...
Mak konba yo ekri yon istwa
anplis nan liv lavi w.
Si blesi te tatou, anpil nan nou t ap plen sikatris jouk nan zo. Men nanm nou soufri plis
Li pote doulè yo pou nou san plenyen.
#SherlyTanisCATOR✍🏽
Nou lèd
Nou lach
Men nou la toujou
N ap gounen
Nou konnen pouki kòz
Men n ap batay ap pwòp tèt nou
Konpatriyòt
Si java sa na p gade la a poko geri
se pa fòt ni chasè ni jibye.
#Sherly_Tanis_CATOR ✍🏽