Virtue shaming: Se lè ou akize lòt moun kòmkwa yo ap fè [virtue signaling], sa vle di yo eksprime valè moral an piblik sèlman pou yo ka parèt byen ou pou pi bon nan je moun. Se yon fòm atak sosyal yo souvan itilize pou rejte opinyon yon moun sou baz li ipokrit, li fo, li soumi oswa li egzajere, olye pou yo ta diskite sou agiman moun nan tout bon vre.
Paske montre valè moral , eseye bon moun, mete limit paskew nan relasyon, pa toksik, gen relasyon stab. Se vin minorite a nan yon sosyete ki ap fè pwomosyon pou “Anti-virtue culture. Se sak fè nou asime tout moun ki montre sin bonte parèt sispèk. Yo se moun ki “fake”. Tout moun kap eseye fè mye, montre valè ak integrite, konpotman moral merite atake. Paske yo ap eseye diferan.
Sa fè pati pwosesis pou tiye wont lan kontwi yon sosyete san prinsip, san moderasyon , san moral:
Ou drivayèz , ou pa okipe pitit, ou se klerinè, drug addicted, ou instab emosyonèlman, avan sosyete a tap mete ou yon kote. Jenerasyon sa asire li li fè sa yo parèt cool, li baw yon podcast pou konvèti lot moun . Li glorifye sa a tan nomal nou tap rejte.
Nou pa invante bòz, kleren, bouzen, vilgè ak san zave, men nou se premye jenerasyon moun ki rekonpanse moun sosyalman pou yo. Anpil moun selèb, ap fè lajan selman gras ak pratik sa yo, aloske yon epok yo tap oblije kache.
Konsa li lojik pou valè ki ale nan sans kontrè yo deklase e vin tounen sib sanksyon ak backlash. Ki dwa yon gason pou li di li pap fè pitit ak plizyè fanm, li pap mache nan kafe, frekante fanm kap vann kò yo?
Ki dwa yon fanm pou li di li pap bay tout gason aksè ak li, li pap mache gouye devan jaz, li pap frekante ni bay gason ki pa pwojè serye ak li kò li?
2 moun sa yo se 2 OVNi ki fèt nan move epok.
Se yon gwo transfè pouvwa lè moun kap fè aksyon sosyete a te konn sansire yo pozisyone tèt yo sou yon pyedestal moral ki pi wo pase sa ki aksepte tankou nomal, pou atake moun ki te konn majinalize yo.
chanjman sa fè ak anpil sibstilite, nan pwen anpil moun pat wè sa nap viv la yo ap vini. Sa komanse ak ti slogan tankou : wont se chwa, jis nou rive devni premye jenerasyon ki tiye wont, e menm fè moralis tounen yon jouman.
Tout sa yo fè pati yon gwo kanpay abritisman ak anbetisman pafwa ki ka degize an pwogrè oubyen libète individyèl : Gade moun nap pale de yo chak jou yo nan mond lan epi gade pouki sa nap pale de yo, nan espas piblik yo, sitou sou rezo yo. Li klè moral sispann egziste kòm yon referans kolektif.
Donk n ap mande pou moun respekte oryantasyon n, n ap mande pou y aksepte n jan ye an, n ap mande sesi sela, men n ap lapide dam sa paske l chwazi pran dezisyon met disiplin pou l pwoteje sa k bon e gen enpòtans pou li se sa?
Donk nòm lan se jan n ye an?