Mesaj PDCH pou Fèt Manman yo
Nan dènye dimanch mwa me sa a, Pati Demokrat Kretyen Ayisyen (PDCH) vle rann omaj ak tout manman ayisyèn yo. Malgre vyolans nou sibi chak jou, malgre soufrans, enkyetid ak difikilte k ap make lavi nou, malgre twò souvan yo neglije nou epi yo kite nou pou kont nou, nou kontinye fè prèv yon kouraj ekstraòdinè ak yon kapasite rezilyans ki merite respè. Malgre tout bagay, nou kenbe fèm, nou rete solid, epi nou kontinye avanse ak diyite.
Nou se poto mitan sosyete nou an. Nan yon kontèks kote peyi a ap travèse gwo kriz, kote anpil enstitisyon febli epi anpil defi ap menase avni nasyon an, nou rete yon sous kouraj, estabilite ak espwa. Malgre tout eprèv yo, se gras ak detèminasyon nou, lespri sakrifis nou ak angajman nou ki fè sosyete a kontinye kenbe tèt li.
Pa janm pèdi fòs ki nan nou an. Kontinye pote fanmi nou, kominote nou ak peyi nou sou zepòl nou. Nou kwè yon pati enpòtan nan renouvèlman nasyonal la ap pase atravè lidèchip nou, rezilyans nou ak kontribisyon nou nan konstriksyon yon Ayiti miyò.
Nan non PDCH, nou prezante nou pi cho swè nou yo epi nou swete nou yon bèl Fèt Manman.
Bòn Fèt tout manman Ayiti yo! 🇭🇹🌹
Mathias Pierre
Prezidan PDCH la.