Apresye, felisite, konplimante, se tout yon aprantisaj. Depi sou ban lekòl, nan lafanmi, nan legliz, diferan anviwonnman ki rasanble moun, yon peyi dwe kreye espas pou pèmèt sitwayen li yo grandi ak reflèks sa yo (apresye, felisite, konplimante). E menm lè sa fèt, sa pa vle di se tout moun ki pral mache nan liy sa nèt ale. Men, lè sa fèt e depi li byen fèt kote tout popilasyon an jwenn espas sa yo, se klè w ap jwenn plis moun ki konprann valè ak enpòtans ki gen nan apresye, felisite, konplimante travay yonn lòt, san nou pa neglije kalite travay la.
Plis nou apresye, felisite, konplimante sa yon moun fè, plis moun sa a motive pou l pwodui pi bon travay. E se plis nou motive pwòp tèt nou tou pou n fè yon bon travay nan dòmèn pa nou, paske pa gen moun ki pa renmen lè yon lòt apresye/felisite/konplimante travay li.
Kòm sistèm lekòl nou an, edikasyon nan lafanmi pa vreman chita sou sa (sof kèk grenn esepsyon, men aprann konnen esepsyon pa fè peyi), se pa fasil pou anpil nan nou apresye, felisite, konplimante travay lòt, espesyalman (nan majorite ka) si moun nan soti nan menm anviwonnman ak nou, sanble ak nou oswa sitiyasyon ekonomik fanmi l te pi ba pase fanmi pa nou, oswa li pa te frekante menm lekòl ak nou, epi alewè si moun sa pa pale de twa mo franse byen dapre estanda lakay.
Konsa, anpil fwa, anpil nan nou fè silans pase pou nou aplodi jefò yon lòt konpatriyòt fè. E pi souvan konpatriyòt la konn ap bay blag prèske chak jou ak nou. Men, depi moun/konpatriyòt sa a (ta) fè yon erè, komèt yon fot, majorite nan nou deja pare pou lapide l, anvayi entimite l paske se la nou t ap tann li.
Se klè si moun nan fè yon erè, fè yon fot, li dwe peye pou sa l fè a douvan lajistis. E se klè kominote l ap viv ladan an dwe sanksyonnen l moralman. Men, kesyon nou dwe poze tèt nou se pou ki rezon se nan malè nou pi vit rasanble, se nan malè nou pi vit fè solidarite, se lè yonn ap kase mete nan men lòt, yonn ap avili lòt, anpil nan nou rasanble pou vin koute ?
Enben, pwoblèm nan se nan mantal la li ye, fòmataj la te mal fèt. San yon sitèm lekòl, yon sistèm edikasyon ki chita sou apresyasyon, felistasyon ak konpliman, anpil nan nou ap toujou pran plezi nan malè lòt. E moun ou wè k ap pran plezi nan malè lòt se paske (pi souvan) moun sa echwe nan lavi a, (li ta renmen nan yon pozisyon, men li pa ladan, li ta renmen posede yon byen, men li pa wè kouman li pral genyen l, li ta renmen gen yon tit, men li pa wè ki kote l pral pase pou l genyen l, e menm lè li ta genyen kèk nan sa yo, konnya li ta renmen asosye ak yon gwoup moun li kwè ki moun pase l, men gwoup moun sa yo ap repouse l chak fwa, oswa moun sa wont orijin li, podjab li pa ta sipoze santi l konsa.
Dènye bagay la, depi yon moun wont orijin li, li kondane pou l pa janm viv an pè ak tèt li. E depi l pa an pè ak tèt li, se pa fasil pou l fè lapè ak pèsonn.