Thread 🧵🎬
😏Mwen finn gade The Polygamist, epi mwen pa dakò ak fason anpil moun ap prezante seri a.
Premye bagay la: ann sispann konfonn poligami ak obsesyon seksyèl.
Poligami, kit yon moun dakò avè l oswa non, enplike responsablite, jistis, respè ak angajman anvè tout moun ki enplike yo.
Sa mwen wè nan seri a se pa yon refleksyon sou poligami. Mwen wè yon nèg ki pa janm remèt tèt li an kesyon, ki pran move desizyon sou move desizyon.
Li bay manti, 😫 li manipile moun. Li neglije konsekans aksyon li yo sou fanm yo ak sou pitit li yo.
Pi gwo pwoblèm mwen ak seri a se fason li trete medam yo. Twòp fwa yo parèt tankou moun ki la pou sipòte oswa sibi desizyon mesye a.
Pitit yo peye pri erè granmoun yo, men seri a pa bay ase enpòtans ak sa.
Yon pèsonaj pa bezwen pafè pou yon istwa bon. Men lè yon moun repete menm move konpòtman yo san refleksyon ni vrè evolisyon, sa vinn fatigan.☹️
Mwen pa di yon seri dwe toujou bay leson moral. Men mwen pa wè poukisa nou ap fè foli pou yon istwa ki sanble banalize mank respè, enfidelite ak egoyis.😑
Pou mwen, The Polygamist pa yon seri sou poligami. Se yon seri sou yon nèg ki toujou mete dezi pa l anvan responsabilite l.
Se opinyon pa m. Si ou renmen seri a, sa pa gen pwoblèm. Men mwen panse nou ta dwe fè diferans ant yon modèl familyal ak move konpòtman yon moun.