🔴 APÈL POU KÈK OTÈ HAYTIEN AK MOUN KI RENMEN LITERATI HAYTIÈN
Bonjou konpatriyòt mwen yo,
Nan kad finalizasyon yon pwojè editoryal m ap pibliye byento, mwen bezwen kèk detay sou plizyè zèv ayisyen ki make domèn motivasyon, lidèchip, devlòpman pèsonèl ak antreprenarya.
M ta renmen antre an kontak ak otè liv sa yo oswa ak nenpòt moun ki kapab ede m jwenn enfòmasyon bibliyografik ki pi presi sou zèv yo (ane piblikasyon, mezon edisyon, elatriye).
Liv mwen ap chèche enfòmasyon sou yo yo se :
1- Ducky Charles — Bien se diriger pour bien diriger
2- Renès Decière — Améliorer sa situation financière au regard de la Bible
3- Henri M. Dorléans — Change-toi toi-même et change ton pays
4- Kenley Jean-Baptiste — 7 secrets pour passer de zéro à héros
5- Sony Lamarre Joseph — Debout jusqu’au bout
6- Marc Stevenson Nepius — Millionnaire de la masse
7- Mathias Pierre — Le pouvoir du rêve
8- Adler Sylphat — Indéboulonnable
9- Jean Marie William Zéphir — N’abandonne jamais
10- Jean Djerkens Don — Le pouvoir de la volonté face aux obstacles.
Objektif mwen se sitou kontribye, nan limit mwen, pou bay travay otè sa yo plis vizibilite nan yon pwojè serye ki pral pibliye trè byento.
Si yonn nan otè sa yo wè mesaj sa a, oswa si ou konnen kijan mwen ka kontakte yo, tanpri ekri m :
- 509 37 61 91 91
- skasonbaptiste@gmail.com
Mèsi davans ak tout moun ki pral ede mesaj sa a rive jwenn otè yo oswa moun ki pwòch yo.
Menm jan Mesye Ileus Papillon ta ka di l, an n kontinye ankouraje liv, lèkti ak pwodiksyon entelektyèl haytien.
—
#SkasonBaptiste
Yon siywayen haytien ki pa fini lekòl...
ki pa regrèt nonplis.