🔴🇭🇹 FEBLÈS MAS LA, SE FÒS MANIPILATÈ YO
Mwen panse administratè paj
#MoodyHaydenJacques la pa sòt ditou. Okontrè, li konprann trè byen kijan sèvo popilas la fonksyone. Se sa ki fè l konn ki levye emosyonèl pou l aktive, ki konparezon pou l fè, ki non pou l site, pou l ka jwenn klik, angajman, epi fè lajan alafen.
Sou pwen sa, yo ka repwoche paj li a, mank etik, men pa mank entèlijans.
Paske pi gwo pwoblèm nan se 4900 moun ki peze LIKE sou yon mesaj ki pa gen okenn refleksyon, okenn sans, okenn analiz ak okenn respè pou kontèks la. Si se pa dwèt 4.9 K moun sa yo ki chape al tonbe sou bouton LIKE lan pa aksidan, sa tradui yon fòm feblès entelektyèl ki enkyetan.
Menm si yo ta di se lanmou pou Fafa, se fanatis, se emosyon, patati patata, sa pa chanje anyen. Lè ou LIKE tout sa ki pote non ak foto yon moun ou renmen, kèlkeswa sans ak kontèks la, ou pa sipòte l kòm moun vrèman. Dayè, ou sispann reflechi. E depi sèvo a sispann fè refleksyon, li otomatikman bay espas pou manipilasyon kòmanse.
Anpil enfliyansè kwè nan sa, MANIPILE MAS LA. Pa pou yo jwenn okenn verite, ni okenn jistis, ni okenn pwogrè sosyal nan kominote nou an non. Se jis pou fè algorit la mache pi vit, pou plis vizibilite ak plis lajan k ap brase nan monetizasyon.
NB. Tout pòs ki konstwi sou jan de konparezon sa yo, san analiz, san « data », san refleksyon, elatriye. Yo fèt pou yon sèl bagay, ki se : manipile mas la pou klik. Yo yonn pa voye jwè a oswa atis la monte vrèman. Yo pa voye seleksyon an oswa djaz la monte nonplis. Yo sèlman voye emosyon mas la monte, epi fè sans disènman menm mas sa desann otomatikman.
PS : Pi grav toujou, se lè yo fè Entelijans Atifisyèl jenere imaj yon swadizan bèl ti bebe oswa bèl fi ki andikape motè (pye oswa men koupe), epi yo poste l kòm kwa, se ta yon moun reyèl ki pa ka jwenn imen, pyès moun p ap di l « JWAYE ANIVÈSÈ » akoz andikap li. Epi sa w tande a, entènot ki gen feblès entelektyèl la, vin santi l koupab si l pase san di l « BÒN FÈT ! », li vin santi l oblije LIKE, KÒMANTE, EPI PATAJE.
#SeByenDomaj
Nan sans sa, m vrèman pa panse se entèlijans moun k ap manipile mas la ki pi danjere. Se pito feblès entelektyèl mas la ki rann jan de manipilasyon sa yo posib ak twòp fasilite. Se sa ki fè m ap kontinye di l,
#EdikasyonPopilè se yonn nan prensipal levye ki ka ede n redrese sosyete a. Wi, fòk gen yon baskilman pou gen : plis pèp, mwens popilas.
#SkasonBaptiste
15 desanm 2025