Lojik pa janm twòp…

Joined October 2010
258 Photos and videos
Pinned Tweet
Mond èspirityèl la se pa yon jwèt! Kit ou kwè l ou pa, li enfliyanse w nan yon sans ou yon lòt. Se souvan pa yon aza si w wè chak sa w fè anyen pa mache pou ou. Lajan paka rete nan men w, malgre w mete dedikasyon nan travay ou, rezilta yo pa vini. Demand ou yo pa gen janm gen swivi tandiske zafè lòt moun ap regle. Ou santi se tankou w t ap bwote dlo nan panye ki chaje twou. Lè konsa fòk ou fè sa w dwe fè pou w retire kò w nan sa w ye an. Vrèsanblableman ou sibi yon anvoutman. Ou dwe swiv yon pwosesis dezanvoutman prese prese pou w ka met lòd nan dezòd.
2
7
518
Lè gen gwo erè abitraj nan yon match foutbòl m toujou bay abit la benefis dout paske li se imen, li pa pafè sa lakoz l ap toujou fè erè. M pa met nan tèt mwen se volontèman ou delibereman yon abit chwazi boykote yon ekip. Abit la pa gen 3 zye, li pa gen yon chan vizyon 3D, ap toujou gen seri aksyon ki echape anba vijilans li. Konyela aprè n fin obsève limitasyon abit la nan sa ki gen awè ak travay li, m panse l lojik e l fè anpil sans pou yo enkòpore sistèm VAR la nan foutbòl. Kòmkwa se ta yon sistèm ki pwal sèvi kòm 3èm zye abit la. Lè gen gwo okazyon ki ka sisite polemik, ki potansyèlman ka enfliyanse rezilta match la e ke abit pat wè, VAR la dwe entèvni prese prese paske se wòl sa a li gen pou l jwe alabaz. Konya, gwo bout tonton kesyon m genyen, poukisa gen seri gwo okazyon ki ka fè polemik ke abit pat wè epi malgre sa VAR la fèmen zye sou yo? Ki itilite VAR la genyen si l pa jwe wòl li? Lè VAR la fayi a misyon l, èske n ka vrèman di se yon erè? paske yo pa tankou abit la ki pa gen aksè a tout aksyon yo nan tan reyèl, VAR la gen tout ang aksyon yo disponib! Èske nan yon sans moun ki devan ekran VAR la pa osi enfliyan nan rezilta match yo ke pwòp abit la? Si se sa, poukisa yo pa trete wòl yo an ak plis severite oswa seryozite? Antouka, lè yon moun gade kantite fwa VAR la pa jwe wòl li, ou menm anvi di èske se pa yon sistèm mafia ki la pou lejitime fwod nan jwèt la? Paske an n serye mezanmi, pou kantite aksyon ki merite al nan VAR nan match Hayti kont Ekòs la, yon moun ka poze tèt li kesyon èske se menm match la nou t ap gade ak ti mesye VAR yo oswa yo te gen lòt kichòy y ap gade sou ekran yo nan ti chanm fèmen an?
49
Tout fòs entèlijib alafwa entrensèk, transandan e fizik tou sou yon lòt plan konsyans. Tout sa k imateryèl ka yon antite pou kont pa l. Lanmou se yon antite èspirityèl, sajès, kòlè, anvi, jalouzi, bonè, jistis, verite e tout lòt konsèp ki tonbe nan menm kategori an kalifye pou menm deskripsyon an. Lè w konprann kijan èspirityalite fonksyone, pa egzanp ou ka mande antite oswa èspri sajès pou anime w lè w bezwen l, ou ka fè sa pou lanmou, bon konprann ak nenpòt lòt santiman oswa feeling. Tout bagay, mwen byen di tout bagay se senbòl e l se yon antite èspirityèl egalman.
40
Ou pa janm vin pi fò lè ou evite difikilte oswa pwoblèm. Okontrè viv lavi nan mòd fasil pa gen okenn vrè benefis. W ap vin pi fò se lè w fè fas ak difikilte yo plizyè fwa, ou aprann antisipe kontrent yo pote, ou netralize pati nosif ki ladan yo san w pa kite yo fè kè ou vin di ni afekte karaktè w Lè sa a, w ap familyarize w ak advèsite, yo p ap gen okenn anpriz sou ou ankò. Dezòmè, ou p ap konsidere yo kòm koze negatif k ap ralanti w sou chimen siksè w men pito kòm akseleratè e boostè pou reyisit.
47
Jistis pa gen koulè Laverite pa gen koulè Bon konprann pa gen koulè Lojik pa gen koulè Gen moun ki bay alejans a koulè po yo oswa ras yo kèlkeswa pri sa gen pou peye Menm si sa l vle defann nan ale alankont tout kwayans ak valè l, depi se koze ras ak etnisite, li soud li avèg. Pou mwen pratik sa a enpwodiktif nan esans li. Wi, se yon bèl bagay pou yon moun onore zansèt meritan l, pou l fyè ak atefak kiltirèl li epi fyè de orijin ak rasin li. Men fyète sa a pa dwe anpyete sou jistis ak verite Yon ti tonton touye yon lòt, se nòmal selon lalwa fòk li peye zak kriminèl li komèt la, sa pa gen anyen awè ak koulè l kit li te nwa, blan, vyolè, ble ou endigo, li koupab fòk li pran prizon. Moun ki bay koulè po yo plas iltim nan yon obsesyon alaveglèt se moun san konprann lanati pwal jije.
34
Sila yo ki gen abitid rete tèt frèt nan mitan deblozay souvan devlope rezilyans lan akoz yo te ekspoze toupiti a seri sitiyasyon stresan. Plis yon timoun viv emosyon fò nan enfans li, se plis reyaksyon pòs-twomatik sa yo pwal ba li anèstezi kont tout potansyèl sitiyasyon dezagreyab.
39
Silans rann moun enkonfòtab paske l ekspoze panse enteryè nou yo. Se pou sa n souvan renmen pale pou n ka maske reyalite n pa anvi konfronte.
1
48
Non w kapte atansyon w yon manyè enstantane. Tande l sèlman gentan aktive yon repons emosyonèl. Si w anvi yon moun prete w plis atansyon lè w ap pale avè l, site non l detanzantan nan konvèsasyon an.
2
48
Souvni nou yo pa èstatik, yo gen abilite pou rekonstwi evènman n sonje yo. Chak fwa n rememore yon istwa, sèvo n reekri pase n e ajoute seri detay li panse k fè sans.
1
37
Gen yon pawòl nan yon chante Belo ki di e m ap parafraze “Yon move pawòl ka fè plis mal pase yon bal”, sikolojikman sa fè sans Yon rejeksyon sosyal ka aktive menm mekanism nan kò n tankou si n te sibi yon pèn fizik. Blesi emosyonèl yo biyolojikman reyèl. Sa vle di, nou dwe veye lang nou pou n pa di moun nenpòt bagay tankou n t ap veye men n pou n pa frape l sou moun.
49
Pa kite moun fè chwa pou ou, se ou k pou konn kisa k ap fè w byen. Ou ka pran konsèy men dènye desizyon sou koze entim ou yo se sèl ou ki kalifye ase pou w pran yo. Lè w kite lòt yo gen twòp enfliyans sou lavi w, ou tou pa gen pèsonalite ankò paske w fè sibstitisyon pou agreye dezi etranje olye pwòp volonte pa w Gen kouraj pou w pa dakò ak sa lòt yo vle enpoze w ki pa bon pou ou. Defann enterè w ak dwa w genyen pou w chwazi pou tèt ou. Men tou fòk ou pare pou w asime konsekans chwa sa yo, pa dwe gen okenn èskiz men yon devouman pou otoevalyasyon!
60
Gen yon ti mo ki bay anpil pwoblèm deyò an se mo “soumisyon” an, sitou medam ki feminis yo pa vle tande l ditou. Selon sa m konprann mo soumisyon an gen yon konotasyon negatif, se tankou l te retire tout opsyon pou volonte manifeste. Well, nan yon sans se sa l ye. Yon moun soumi a yon otorite, yon moun ki gen plis ora ak responsabilite pase l. Gen rapò fòs nan soumisyon an. Menm medam ki pa vle tande pale de soumisyon an, sanble se inikman nan relasyon santimantal paske yo soumi a boss yo nan travay. Yo soumi a leta peyi yo, yo soumi a fòs lòd, yo soumi a tout lòt otorite ki nan lavi yo. M panse soumisyon an se pa yon bagay yon moun dwe mande, li dwe vini yon fason otomatik. Si nèg lan gen plis responsabilite nan koup lan, si l responsab sekirite fizik, finansyè e emosyonèl fanm lan dwe soumiz yon fason pou nèg la ka jwe wòl li pi byen, pa dwe gen plenyen la, sa lojik. Konsa tou, gen seri relasyon se fanm nan ki “breadwinner” an se li k ap pote kòb, se li ki responsab preske tout bagay. Nan sans sa a, li pa reyalis ni l pa serye pou yon nèg oze mande yon fanm konsa pou l soumiz. Medam k ap opere nan enèji maskilen yo souvan pa kole sere ak soumisyon paske yo deja ap jwe wòl gason ta dwe jwe an.
57
Avan w dòmi aswè a se pou w sèten tèt zòrye w bay direksyon “nò” olye “sid”. Gen tout kalte benefis nan ti chanjman senp sa a!
52
🌕 🌙 HIJO DE LA LUNA 🕯️🧙‍♀️Gen yon mizik ki rele “Hijo de la Luna” group mizikal èspanyòl “Mecano” te soti an 1986! Mizik sa a popilè anpil nan peyi ki pale panyòl yo. Sou kisa mizik sa a baze? De kisa l pale? Ebyen tit mizik la deja fè yon rezime sou istwa li trete an. Li baze sou yon lejand moun konn rakonte Se istwa yon fanm jitan ki damou yon mesye ki pa nan menm ran sosyal avè l. Alepòk moun te marye moun ki nan ran w, se te gwo eksepsyon pou 2 moun ki nan ran sosyal diferan te inifye. Alèkile, nan dezesperasyon manmzèl fè yon enkantasyon majik, li mande lalin nan pou ede l jwenn nèg la. Lalin nan dakò pou egzose priyè manmzèl ak kondisyon pou l ofri l premye pitit gason l. Efektivman, manmzèl jwenn nèg la, li vin tonbe ansent. Lè l akouche, li fè yon ti gason po l blan je l ble. Mesye a, yon jitan t ap atann timoun lan sanble avè l, se pa sa k te rive. Misye pete kòken, li panse se nan kout pitit li pran, li panse manmzèl tronpe l. Jalouzi ak kòlè anvayi l, li atake manmzèl li touye l ak yon kout kouto. Kòm pitit la pa sanble l, li pa deside okipe l nonplis, li ale nan forè a avè l, li abandone l nan mitan rakbwa yo. Kòm lalin nan te deja pase kondisyon ak fanm lan, li pa kite timoun nan mouri nan raje an, li pran l kòm pitit li. Ti bebe an tounen pitit gason lalin.
78
Si w bezwen yon moun ba w verite, fè kèk blag avè l avan. Pete kèk kout ri epi poze l kesyon ou vle an nan griyen dan an.
2
4
145
Pa janm antre lakay ou dirèk lè w sot nan yon antèman oswa ou sot fè yon vizit nan simetyè. Fè yon “stop” yon lòt kote avan.
64
Moun k ap plede di yo onèt se souvan manti y ap bay. Onètete yon moun se yon tablo k ap afiche nan entèaksyon l ak lòt moun se pa li k ap bezwen fè piblisite an pou tèt pa l.
4
285
Si w panse yon moun ap ba w manti, fikse l byen nan je jis ret an silans pa rache yon mo. Si w wè l kontinye ap pale tankou pèpèt k ap pete nan lwil cho gen anpil chans sa l ap di yo pa verite!
1
60
Lè w santi bon, moun plis trete w byen e yo anvi zanmi w. Met bon pafen sou ou se yon atou enpòtan si w anvi maksimize eksperyans sosyal ou yo.
3
84
Me sèt (7) Siy ki Pwouve w vin gen Matirite lakay ou: - Ou pa eksite ak ti bout konvèsasyon senp yo ankò, se pale sou gwo sijè pwofon ki enterese w - Dòmi w pi enpòtan pou ou pase al bay blag oswa ranse nan baz - Ou padone pi souvan paske w pa anvi rann moun favè pou w kenbe yo nan kè w - Ou vin gen plis ouvèsti despri, ou eseye konprann pèspektiv lòt yo e w deside respekte diferans mòdvi chak moun adòpte - Ou pa nan fòse moun renmen w. Depi pa gen resipwosite, ou lage pye w san fè bri - Ou prefere ret an silans ak lapè w olye w al angaje nan vye diskisyon pou w eseye konvenk lòt yo - Ou pa depoze kle bonè w nan men lòt moun paske w konnen se andedan w pou w chèche l avan
2
81
An reyalite se pa ou menm moun nan sonje vrèman, li jis manke kijan w te konn fè l santi l. Mank lan gen rapò ak pwòp feeling li. Majorite aksyon n se koze ki ekstrèmeman pèsonèl. Se pou rezon sa, yon fwa feeling yo fane, yon fwa li bliye kijan l te konn santi l avè w, koneksyon ou menm avè l ap tou fane egalman.
3
107