#Immigration: Sa se 2 zèl kat nou dwe rale youn dèyè lòt pou move nouvèl pa panike nou nan dènye moman sa yo:
Premye a se yon las pik, tout moun ki te vini avan 3 Jen 2024, ke w te vini nan Biden ke w te pase sou fwontyè, depi ou kapab pwouve sa ou kalifye anba TPS sa, ebyen pwofite aplike aprè m fin fè tweet lan si w poko fè sa, pandan sa tou kòmanse prepare azil nou dayè se pou rezon imanitè nou gen pawòl, se paske Leta pa ka ba nou sekirite ki fè nou kite lakay nou, kay anpil nan nou boule, lide tounen pa nan tèt nou koulye a paske demen nou pa asire avan pwoblèm sa yo rezon. Sa se yon you nan rezon ki fyab pou kalifye yon moun pou azil. (Political grounds).
Ann pran yon wa koulye a, moun ki ki vini aprè 3 Jen pa kalifye pou TPS se vre men tou pwofite mete pye nou nan yon lòt tren, otorizasyon nou an valid jouskaske so 2 zan depi Ayewopò a montre li valid toujou pa ekzanp I-94 se dat ou gen pou pase isi legalman tankou yon moun kap vini jodi an ap gen 5 Otòb 2024 pou 5 Oktòb 2026 kidonk pandan sa ou gen titan pou prepare azil nou menm lè pi bonè se granm maten, mwen konnen malfèktè 😂 ka fè pase move moman men mande fanmi nou pou rete konekte ak
@dennly109 pandan map pran tansyon bagay yo pou nou.
Pou moun ki te kite yon lane pran yo isi ki pat aplike pou azil, nou gen kat nan men nou toujou, toutotan TPS ak Parole nou valid nan men nou toujou , nou kapab aplike. Gen kote nan fòm I-589 lan pou bay rezon ki fè ou pat aplike pandan 1 an, lè sa si se
@web509_llc oubyen
@Acdrivingsch kap ede ou, oubyen kèlkeswa lòt biwo an, yap esplike sa epi montre nou gen yon estati ki valid aprè yon lane ou pat aplike an.
Ou wè koulye a, nou ka koupe kèlkeswa zèl kat ki vini devan nou, jwèt pou nou.
Tweet sa se yon tweet $200 konsiltasyon, mwen lage l gratis, yon sèl bagay map tann nan men nou lage l nan yon estati
#WhatApp nou, fè screenshot, bookmark li, epi pataje l ak yon lòt paske dosye avoka isi se bagay ki koute lajan yon azil kapab koute sòti $3.5 mil dola rive $15 (
nolo.com) mil kwake pa gen twòp gwo bagay Mèt lan pral ede w fè.
Mwen pa nou pri yo paske gen moun ki pa bay bagay gratis twòp enpòtans konsa nap konprann yon bon tweet koute kòb nan zafè imigrasyon.
———
Youtube:
bit.ly/3Pzz2gd
TikTok:
tiktok.com/@web509_updates
IG:
instagram.com/web509_updates
Bon Samdi!