"Mr. André Jonas Vladimir Paraison,
I am a young man from the 3rd section of the commune of Machand-Dessalines.
Today, I decided to write this message to inform you about the great suffering that the population is experiencing.
The Savyen gang and the Kokorat San Ras gang are operating freely in several locations in the 3rd section.
They are imposing on farmers to pay 15,000 gourdes to be able to work their land. Many families are forced to leave their homes, while others are sleeping in the mountains in the rain and in poor conditions.
The bandits are circulating on motorcycles and cars with weapons in their hands without any problem. The population lives in fear every day, while agricultural activities are almost completely blocked.
We ask the authorities, especially the Haitian National Police, to take the situation in
Machand-Dessalines into consideration and set up serious operations to restore security in the area, protect the population and allow people to return to live and work in peace."
Name withheld for personal safety
"Mesye André Jonas Vladimir Paraison,
Mwen se yon jèn ki soti nan 3èm seksyon komin Machand-Dessalines. Jodi a, mwen deside ekri mesaj sa a pou fè nou konnen sou gwo soufrans popilasyon an ap sibi.
Gang Savyen ak gang Kokorat San Ras yo ap opere lib nan plizyè lokalite nan 3èm seksyon an. Yo enpoze peyizan yo pou peye 15,000 goud pou yo kapab travay tè yo. Anpil fanmi oblije kite kay yo, pandan lòt yo ap dòmi nan mòn anba lapli ak nan move kondisyon.
Bandi yo ap sikile sou motosiklèt ak machin ak zam nan men yo san okenn pwoblèm. Popilasyon an ap viv nan laperèz chak jou, pandan aktivite agrikòl yo prèske bloke nèt.
Nou mande otorite yo, espesyalman Polis Nasyonal d Ayiti a, pou pran sitiyasyon Machand-Dessalines la an konsiderasyon epi mete sou pye operasyon serye pou retabli sekirite nan zòn nan, pwoteje popilasyon an epi pèmèt moun yo retounen viv ak travay nan lapè."