Zile Diomède yo : kote ou ka wè "demen" pandan w toujou nan "jodi".
Nan mitan detwa Béring lan, ant États-Unis ak Russie, genyen de ti zile ki rele Zile Diomède.
Se youn nan kote ki pi etonan sou latè, paske yo tou pre, men yo separe pa prèske yon jounen.
De zile sa yo se :
1.Little Diomede
2.Big Diomede
• Distans ki genyen ant yo se anviwon 3.8 kilomèt sèlman.
Men sa ki pi etonan an se tan ki se pare yo a malgre distans lan
Ant de zile yo pase liy entènasyonal chanjman dat la. Sa vle di : lè l lendi sou yon zile, li ka madi sou lòt la, paske yo pretke gen 24h eka.
Se poutèt sa anpil moun konn rele yo :
"zile jodi", ak "zile demen"
Ki donk, lè w sou yon nan zile yo wap gade demen sou lòt zile a.
Kesyon map poze tèt mwen eske lè yon match ap jwe sou yon zile eske li gentan fini sou lòt zile a? 😂😂😂
Nap kip goying 🏃🏾♂️
• Little Diomede (ti dyomèd) : ti kominote ki izole nan glas la
Ti dyomèd fè pati de Etazini , nan eta Alaska.
Sipèfisi zile sa a se anviwon 7.3 km².
Genyen yon ti kominote inwit k ap viv ladan l. Pa gen wout machin sou zile a. Moun yo deplase :
a pye, ak motonèj, oswa pa elikoptè.
Yo vole ti lougawou yo tou 😂
Kondisyon lavi yo difisil anpil akoz frèt ekstrèm ak izolman an.
• Big Diomede (gwo dyomèd) : li se zile militè Larisi a
Gwo dyomèd fè pati de la Risi. Yo rele l tou zile Ratmanov.
Sipèfisi li se anviwon 29 km², sa ki fè li prèske kat fwa pi gwo pase ti dyomèd.
Kounya, prèske pa gen moun k ap viv sou zile sa a. Zòn nan sèvi sitou pou aktivite militè ak siveyans fwontyè.
• Yon fwontyè ki make listwa mond lan
Pandan Lagè Fwad la, zòn sa a te youn nan fwontyè ki te pi siveye sou latè.
Ou konnen yon bò se pou etazini epi lòt bò a se pou la risi.
Se sak fè yo rele separasyon sa a :
"Rido glas la"
Paske li te tankou yon miray ant de gwo pisans mondyal yo.
• Kounya wap mande m èske moun ka travèse soti sou yon zile pou ale sou lòt la ?
Nan sezon ivè, lanmè ki separe zile yo konn pran glas. Sa vle di li ta posib, an teyori, pou travèse sou glas la ant La risi ak etazini.
Men non, li ilegal, trè danjere, epi zòn nan anba gwo siveyans militè.
Menm mouch pa travèse 😂
Malgre yo piti anpil ak tout problèm.politik yo, Zile dyomèd toujou nan lis kote ki pi ekstraòdinè sou planèt la.
Yo reprezante : de kontinan, de peyi, de sistèm politik, ak de jou diferan,
Tout bagay sa yo se pare pa mwens ke 4k m
Siw anvi al vizite fè m konnen nan komantè a
Map achte yon tikè pou u 😁‼️
Jayk design