Lamàn pa tonbe
Jouk koulye map bouske
Men fwa sa map lite pou mwen
Pou lapè lespri ki nan mwen
Se pa jodi map chèche yon kote pou m fon ti repoze
M sot bat mwatye wout
M finn bay tout lapire
M kontre ak nanm mwen, li di m "fon poze paske mwen ak ou gen koze pou n pale "...