Yon sous pwòch komisarya Ansagalè, konfime arestasyon Ronald Fenestor jodi mèkredi 10 jen 2026 lan. Menm sous la presize se nan twazyèm seksyon kominal Ansagalè, Grandsous, presizeman nan lokalite Nan Plim fòs lòd yo fè kout filè sila.
Nan yon manda damne ki soti nan Tribinal Premyè Enstans Gonayiv (ke La Nouvelle gen yon kopi) Ronald Fenestor gen akizasyon sou dò l kòm moun ki vyole epi sasinen Wiline Alectine, 11 mas 2026 nan site endepandans lan. Dokiman an rapòte ke prezime asasen an se yon natif natal gonavyen. Avoka viktim nan te fè konnen se sou zile a Fenestor t al kache aprè zak sasinay la.
Daprè yon frè defen an, Ronald Fenestor se te ajan sekirite jèn antreprenè Wiline Alectine nan vil Gonayiv. “Malerezman li touye l ak yon bal nan tèt”, Mèt Djeky regrèt. Pou kounye a, akize a nan men Lapolis e li dwe parèt devan lajistis pou li al reponn kesyon sou zak sasinay sila.