Sa se yon pati pèfòmans Placide ki ba li yon plas ki pratikman "cult hero" nan peyi Meksik, e li toujou fè m plezi lè Meksiken yo toujou kontan wè l.
Match sila se te match eliminatwa Jwèt Olenmpik yo nan lane 2008, se vre Ayiti te pèdi 5-1 men Plasid te soti yon pèfòmans tèt chaje, e pèfòmans sa te lakoz Meksik pa kalifye pou 2 grenn gòl, se Canada ki te pase.
Sa parèt paradoksal paske Meksik pat kalifye, men lè mwen pale ak kèk zanmim Meksiken anplis pèfòmans lan yo te apresye, se tou kaskad evenman pèfòmans Placide te bay la mennen.
- Li pwopilse karyè yon jounalis yo vin renmen anpil Marinolli
- Li te detwi karyè divès jwè meksiken, piblik te deja estime ki pa bon, ki te la sou yon baz favoritis
- Li kraze karyè antrenè pi gwo jwè listwa foutbòl Meksiken an Hugo Sanchez
- E sitou sa te pemèt restriktirasyon foutbòl Meksiken an sitou nan fòmasyon espwa kote te souvan gen piston k ap fèt ak ansyen jwè epi mwens entèvansyon senyò yo.
Lo más gracioso es que Johnny Placide probablemente piensa que fue un partido más. Mientras tanto, en México, hay adultos con hijos e hipotecas que aún mencionan ese nombre con respeto por esa actuación 😂😂😂